Kreyòl ayisyen oswa ayisyen, se yon kreyòl ki mele ak fransè, gen prèske 11 milyon moun ki pale kreyòl nan peyi Ayiti ak anviwon 2 milyon moun nan rès mond lan, nou ka site kèk peyi tankou Kanada ak Etazini. Depi 1987, Ayiti rekonèt Kreyòl la kòm lang ofisyèl. Malgre ou jwenn kèk vokabilè ki soti nan vye fransè 18yèm syèk la, ou jwenn tou mo ki soti nan pòtigè, panyòl, angle, taino ak lang Afrik lwès yo prensipalman.
Chak ane depi 1983, 28 oktòb se yon opòtinite pou selebre lang ak kilti kreyòl la atravè peyi ak kominote ki gen kreyòl an komen.
